Yon tanpèt nèj te kouvri New York ak yon gwo kantite nèj, sa ki lakòz gwo pwoblèm. Jiska 76 santimèt nèj te tonbe nan kèk katye, sa ki afekte transpò yo epi lakòz anilasyon vòl yo, dapre France 24.
Lekòl yo relouvri epi transpò yo ap rekòmanse piti piti, men deplasman yo rete difisil akoz pil nèj ak glas yo. Minisipalite a te deplwaye gwo mwayen, tankou gaye 65 milyon kilo sèl.
Majistra Zohran Mamdani te lanse yon apèl bay volontè yo pou ede retire nèj nan lari yo, epi li ofri yon salè 30 dola pa èdtan. Gen abri ijans ki louvri tou pou akeyi moun ki san kay, dapre France 24.

