Yon nouvo kritik ap monte konsènan jan gouvènman ayisyen an reyaji apre Etazini te deside mete fen nan pwoteksyon TPS (Statut de Protection Temporaire) pou Ayisyen yo.
Yon videyo komedi ki ap fè anpil sikilasyon, ki soti nan men Kerven "Cantave_K" Cantave, sèvi ak satir pou montre diferans ki genyen ant sa gouvènman an pwomèt pou moun ki retounen yo ak sa yo ka rankontre an Ayiti. Sa yo enkli vyolans gwoup ame, mank lojman ak djòb, sèvis sante ki pa bon, ak transpò ki limite, dapre yon atik ki soti nan Haitian Times.
Videyo satirik la ap pase nan rizib deklarasyon de ofisyèl ayisyen tankou Kathia Verdier, Minis Ayisyen Vivant Aletranje (MHAVE), ak Yverick Delerme Cyril, konsil jeneral Ayiti nan Miami. Nan videyo a, Cantave montre yon reyinyon fiktiv pou moun yo ap depòte yo, kote li avèti yo sou danje tankou bri bal, zòn ki anba kontwòl bandi, difikilte pou vwayaje, ak sèvis esansyèl yo.
Sa yo montre nan videyo a reflete mekontantman k ap grandi pami anpil Ayisyen ak òganizasyon ki defann dwa yo. Yo santi gouvènman an pa bay yon plan byen presi pou lojman, djòb, swen sante, oswa lòt èd pou moun ki retounen yo. Sitiyasyon an vin pi ijan depi administrasyon Trump la deside mete fen nan TPS la, sa ki kite dizèn milye Ayisyen san papye e ki ka depòte nenpòt ki lè.
Dèklèasyon ofisyèl yo, tankou sa Minis Verdier ki te pwomèt y ap reyentegre moun yo, ak sa Konsil Cyril ki te di kominote yo dwe ede resevwa Ayisyen sa yo, ap sikile anpil sou entènèt e yo leve anpil diskisyon. Gouvènman an, pa bouch Minis Afè Etranjè Raina Forbin, te deklare Ayiti ap fè pwogrè sou kesyon sekirite e li pi pre pou l òganize eleksyon.
Men, diferans ki genyen ant sa ofisyèl yo di yo ak verite a sou tè a, espesyalman lefètke gwoup ame yo kontwole plis pase 85% zòn Pòtoprens selon LONU, se sa komedi Cantave a mete deyò ankò, sa ki fè moun ap ri, yo fache, e yo enkyè anpil.
Jean Négot Bonheur Delva, ki se direktè jeneral Biwo Nasyonal Migrasyon an (ONM), te di ke anbasad ameriken an enfòme l ke yo ka depòte anviwon 250 Ayisyen pa semèn. Men, li pa t ka di si gouvènman an gen mezi pou ede moun sa yo reyentegre. Atik Haitian Times la mete aksan sou mank yon plan piblik klè pandan y ap tann depòtasyon yo.


