Yon ensidan avyon te rive nan ayopò Antoine Simon Okay, lè yon avyon kago nan konpayi IBC rate aterisaj li. Dapre Juno7 Haïti, ensidan an te rive vandredi sa a akoz move tan.
Premye enfòmasyon yo endike ke lapli a te redwi adhérence pist la, sa ki te konplike frenaj avyon an. Temwen yo rapòte ke pist la te mouye e petèt twò kout pou pèmèt yon arè an sekirite. Avyon an travèse limit ayopò a, li frape kloti sekirite a anvan li fini kous li sou wout nasyonal #7 la.
Ensidan an lakòz domaj materyèl, sitou pèt yon wou avyon an, e li simen panik nan mitan moun ki abite nan zòn nan. Erezman, pa gen okenn blese ki rapòte. Sepandan, ensidan an lakòz gwo twoub nan sikilasyon sou gwo aks wout sa a, sa ki paralize trafik la tanporèman.

