Actualités éducatives
Bourses · Opportunités · Carrières
Image : sourceMinistè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) anonse ouvèti peryòd validasyon enskripsyon pou egzamen 9yèm ane fondamantal la. Etap sa a, ki obligatwa pou lekòl piblik ak prive, ap dewoule soti 2 mas rive 30 avril 2026.
MENFP fè konnen validasyon enskripsyon pou egzamen 9yèm AF la ap fèt anliy sou sit ofisyèl la (www.menfp.gouv.ht). Direktè lekòl yo dwe depoze yon fich peman 1 500 goud pa kandida nan Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) anvan. Se sèlman lekòl ki gen otorizasyon apre depo sa a ki ka finalize pwosedi a anliy.
Validasyon anliy la konsiste Pou konfime kantite egzak kandida ki enskri yo, jan sa parèt sou fich peman yo te voye bay DDE a. MENFP ensiste sou respè kalandriye a pou garanti patisipasyon elèv yo nan egzamen yo.
Li atik sa a an Fransè:
Le MENFP annonce la validation en ligne des inscriptions à l'examen de 9e AF (2026) →