Daprè RFI, Etazini ak Venezuela te dakò pou relanse relasyon diplomatik yo, ki te kraze an 2019. Depatman Deta Ameriken an te pibliye yon kominike ki souliye ke inisyativ sa a vize fasilite efò konjwen pou relans ekonomik ak rekonsilyasyon.
Gouvènman venezwelyen an, ki te dirije pa prezidan enterimè Delcy Rodriguez, te pibliye tou yon deklarasyon ki reyafime angajman li anvè yon dyalòg konstriktif avèk Etazini. Nouvo etap sa a baze sou respè mityèl, egalite souverèn ak koperasyon ant de pèp yo.
Anons sa a vini apre yon vizit Minis Enteryè Ameriken an, Doug Burgum, nan Venezuela, kote li te eksprime optimis li sou pwospè min ak petwòl nan peyi a. Delcy Rodriguez te anonse tou refòm ekonomik, tankou yon revizyon nan lwa sou idrokarbur yo ak kòd min yo, pou atire envestisman etranje.

