Òganizatè Kòp mondyal 2026 nan Etazini an anonsè yon ogmantasyon anormal nan pri transpò pou sipòte yo ale nan MetLife Stadium, ki nan New Jersey. Daprè Enfòmasyon ki soti nan France 24, sipòte yo dwe peye jiskas 150 dola pou yon ale-retou tren, pandan ke nan tan nòmal li te koste 12,90 dola.
Ogmantasyon an aplike pou 8 mach yo ki pral jwe nan stade sa a, ki genyen mach nan gwoup Ayiti si ekip nasyonal an kwalifye. Pri yo ogmante anpil akòz demann anpil pou transpò pandan evenman an, ki pral genyen nan peryòd 11 jen ak 19 jiyè 2026. Otorite lokal yo konsèye sipòte yo rezerve bilten transpò ak logman yo déske kounye a pou evite pri anplis.
Billet mach yo, ki varye selon kategori, deja an vann sou sit ofisyèl FIFA.



