Faits confirmés
Lèt poud mak Danone, tankou Gallia Calisma Relais 1er âge ak Blédilait 1er âge, yo te retire nan mache Ewopeyen an nan mwa janvye 2026 akoz yon kontaminasyon ak serelid. Yo toujou ap vann nan kèk sipèmache nan Pòtoprens.
Toksin serelid la ka lakòz gwo pwoblèm sante pou tibebe yo. Konsomatè yo dwe tcheke kòd GTIN yo ak dat ekspirasyon yo (jiska oktòb 2026 pou kèk lo) anvan yo achte pwodui sa yo. Sit Rappel Conso gouvènman fransè a bay lis pwodwi ki konsène yo.
Pourquoi c'est important
Prezans lèt poud kontamine sa yo sou mache ayisyen an reprezante yon risk enpòtan pou sante tibebe yo. Mank avètisman nan men Direksyon Kontwòl Kalite ak Pwoteksyon Konsomatè agrave sitiyasyon an, paske li mete sante timoun piti yo an danje.

