Ekspè deziyen pa l'ONU, William G. O'Neill, te fè yon vizit 10 jou ann Ayiti pou evalye sitiyasyon dwa moun yo. Rapò li a mete aksan sou yon kriz imanitè grav, ki make pa deplasman entèn 1.4 milyon moun akoz vyolans gang yo. Fanmi deplase sa yo ap viv nan kondisyon prekè, avèk aksè limite a sèvis esansyèl tankou sante, dlo potab ak edikasyon, dapre ReliefWeb.
O'Neill te note kèk siy amelyorasyon, tankou teritwa libere anba kontwòl gang yo ak yon prezans polisye pi vizib. Sepandan, li rete konsène akoz vyolans ki pèsiste, stigmatizasyon jèn k ap viv nan zòn gang yo kontwole yo ak akizasyon abi pandan operasyon polis yo. Li mete aksan sou enpòtans pou respekte dwa entènasyonal imanitè pandan entèvansyon ki vize retabli sekirite a.
Ekspè nan ONU a ensiste sou nesesite pou envesti nan prevansyon vyolans, sitou nan mitan jèn yo. Li pwopoze kreasyon yon Kò Jèn Ayisyen pou ofri jèn yo yon wòl konstriktif nan rekonstriksyon kominote yo. Li mande tou pou ranfòse mekanis responsablizasyon, lite kont koripsyon epi amelyore kondisyon detansyon nan prizon yo. Li ankouraje Konsèy Sekirite ONU a pou enpoze sanksyon kont moun ki responsab vyolasyon dwa moun ak koripsyon.
