Yon etid syantifik entènasyonal, ki te pibliye nan Journal of the American Chemical Society e BBC Afrique te repòte l', montre gen pwodui chimik danjere nan ekstansyon cheve yo rele « Fo Cheve » yo. Etid la te egzamine 43 echantiyon, tankou peruk, mèch, tissage ak ekstansyon a clip, e li te jwenn 170 diferan pwodui chimik.
Nan pwodui chimik sa yo, 48 ladan yo sou lis entènasyonal pwodui danjere, dapre òganizasyon tankou LONU ak Ajans Ewopeyen pou pwodui chimik yo. Sa ki pi enpòtan, yo te jwenn 17 sibstans ki gen rapò ak kansè nan tete nan 36 echantiyon yo te analize. Yo te jwenn tou konpoze organostanniques, yo itilize pou fè plastik dife-rezistan, nan prèske 10% pwodui yo.
Chèchè yo, tankou Dr Elissia Franklin, ki te dirije etid la, mete aksan sou lefèt ke pwodui sa yo ka danjere paske yo rete sou po tèt la ak po a pandan plizyè semèn oubyen mwa. Yo te jwenn sibstans tankou fenol ak phtalate de bis(2-éthylhexyle), ki ka deranje sistèm òmòn yo, e ki ka ogmante risk kansè sou longè.
Avèk mache ekstansyon cheve ki ap grandi anpil, syantis yo ap mande pou yo ranfòse estanda pwodiksyon, pou mak yo bay plis enfòmasyon, e pou yo edike konsomatris yo sou risk posib ki genyen lè y ap itilize pwodui sa yo.

