USS Gerald Ford, yon pòtavyon ameriken ki deplwaye nan lanmè Wouj, pral retire pou reparasyon nan Krèt. Apre nèf mwa sèvis, bato a rankontre plizyè pwoblèm, tankou yon dife nan lesivri ak pwoblèm repete nan kanalizasyon bouche, dapre RFI.
Difè a, ki te rive semèn pase a, domaje yon santèn kabann epi blese de marin. Anplis de sa, pwoblèm ak twalèt yo, ki enplike kanalizasyon ki bouche souvan, pèsiste malgre netwayaj regilye ki koute 400,000 dola pa entèvansyon. Difikilte sa yo te mennen nan yon ekstansyon deplwaman bato a, ke Senatè Mark Warner kritike.
Bato a, ki gen yon valè de 13 milya dola, te mete nan sèvis an 2017 epi li te fè premye deplwaman li an 2022. Anvan deplwaman li nan Mwayen Oryan, li te patisipe nan operasyon nan Karayib la, tankou sezi pétroliers anba sanksyon ak kaptire prezidan venezwelyen Nicolas Maduro.

