Atakan ayisyen an, Duckens Nazon, ki jwe nan klib Esteghlal F.C., te rakonte eksperyans difisil li te fè pou kite Iran, dapre Juno7 Haiti. Pandan li t ap prepare l pou l pran yon vòl pou Pari, tansyon militè yo te lakòz yo fèmen espas aeryen iranyen an.
Nazon te oblije kite ayopò an epi antame yon vwayaj long nan fwontyè a, avèk èd klib li an. Li te pase ant 30 a 40 èdtan nan fwontyè Azerbaydjan an anvan li te ka travèse li. Malgre difikilte yo, li te finalman rive rejwenn fanmi li nan Pari.
Anpil moun ap swiv Nazon nan peyi Dayiti, li te resevwa anpil mesaj sipò epi li te kenbe fanatik li yo enfòme atravè rezo sosyal yo. Kounye a, l ap prepare l pou pwochen evènman espòtif yo, sitou koup du mond 2026 kote Ayiti pral rankontre ak Ekòs, Brezil ak Mawòk.

