Rhum Barbancourt kontinye klere entènasyonalman. Nan konpetisyon "Best Aged Rum Awards 2026" la, ki te òganize pa gid espesyalize "The Fifty Best", yo te rekonpanse de nan Rhum yo. Rhum Barbancourt 15 ans Réserve du Domaine ak Rhum Barbancourt 8 ans 5 Étoiles te tou de genyen yon meday lò.
Jiri a te evalye Rhum yo nan konpetisyon an avèg, dapre kritè solid tankou bon sant, konpleksite ak ekilib. "The Fifty Best" se yon gid dijital ki espesyalize nan evalyasyon diven ak alkòl.
Dapre Juno7, doub distenksyon sa Pou konfime kalite pwodwi Barbancourt yo epi li kontribye nan vizibilite Rhum ayisyen sou mache mondyal yo.

