Luis Manuel Otero Alcántara, yon atis ak yon gwo dizidan kibin, kite Kiba pou l al viv Ozetazini. Li gen 38 an epi l se lidè Mouvman San Isidro (SIM), yon gwoup ki ap batay pou libète lapawòl ak demokrasi nan Kiba. Yo te arete l an 2021 epi yo kondane l a senk (5) lane prizon.
Depa l la vini apre otorite kibin yo te kenbe l nan yon kote yo pa t bay detay sou li pandan Etazini te apwouve yon demann pou yo lage l. Lè l rive nan ayewopò Miami, sipòtè yo te resevwa l. Otero Alcántara te di jounalis yo ke diktati a ak fanmi Castro a dwe fini, paske toutotan yon Castro ap dirije, ap gen koripsyon.
Otorite kibin yo akize SIM nan pou yo resevwa lajan nan men Washington epi pou yo ap eseye detronpe leta, bagay mouvman an refize. Anpil manm SIM nan di yo toujou ap sibi pèsekisyon nan men fòs sekirite yo epi yo fèmen yo san rezon. Ka Otero Alcántara ak Maykel Castillo, yon lòt manm SIM, ki anba uit (8) lane prizon, se yon sous tansyon diplomatik ant Washington ak La Avàn.
Dapre sous BBC la, sitiyasyon kote li kite peyi a gen ladan l sanksyon Ameriken kont Kiba, kriz gaz, mank manje ak gwo tansyon diplomatik. Sa gen ladan l akizasyon Etazini kont ansyen lidè kibin an, Raúl Castro, pou aksidan de (2) avyon an 1996. Touris nan Kiba a tou soufri anpil, ak yon gwo diminisyon nan kantite vizitè yo.


