Daprè RFI, ONU a eksprime gwo enkyetid sou yon posib riga nan lit kont rasis la. Haut-Commissaire ONU pou dwa moun, Volker Turk, souliye ke pwogrè yo fè yo riske kraze pa pwopagasyon diskou rayisman ak mefyans yo simen nan sosyete yo. Deklarasyon an te fèt nan okazyon Jounen entènasyonal pou eliminasyon diskriminasyon rasyal, 21 mas la.
M. Turk rekonèt avansman yo reyalize gras ak adopsyon kad entènasyonal ak lwa nasyonal kont diskriminasyon, ansanm ak rekonesans enjistis istorik yo. Sepandan, li avèti ke pwogrè sa yo menase pa moun ki pwofite divizyon ak polarizasyon, ak pa estrikti diskriminatwa.
Haut-Commissaire a ensiste sou nesesite pou reglemante aktivite komèsyal yo ak sekirize espas sou entènèt yo pou lite kont pwopagasyon diskou rayisman, sitou anvè migran yo, refijye yo ak moun k ap chèche azil yo. Li mande tou pou nou kesyone ide resevwa yo epi enfòme nou sou istwa ak dwa moun pou rekonèt limanite komen nou.

