Olympique Lyonnais ranpòte final la kont Paris Saint-Germain gras ak yon gòl Melchie Dumornay te make nan 59èm minit. Rankont la te dewoule nan Stade Félix Houphouët-Boigny nan Abidjan. Sou yon sant Kadidiatou Diani, Dumornay te konnen kijan pou l fini aksyon an avèk presizyon, e li ofri viktwa a bay ekip li a.
Match la te kapab pran yon lòt vire lè abit la te akòde yon penalite bay PSG okòmansman, anvan li te revize desizyon li gras ak asistans videyo (VAR). An jeneral, OL domine match la, e li konfime siperyorite teknik ak fizik li.
Malgre yon laperèz apre yon entèvansyon rate nan men gadyen Christiane Endler, Lyonnaises yo te konnen kijan pou yo kenbe avantaj yo. Kadidiatou Diani te menm touche poto a nan 75èm minit, e li prèske rate opòtinite pou l ogmante diferans lan. Viktwa sa Pou konfime enpòtans Melchie Dumornay nan ekip Lyon an, dapre Juno7 Haiti.

