Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) ak Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), atravè Matris Suivi Deplasman li (DTM), ap fè evalyasyon peryodik nan zòn k ap resevwa popilasyon ki deplase depi out 2022. Objektif la se pou pi byen konprann sitiyasyon deplasman an ak bezwen moun ki deplase yo pou enfòme entèvansyon imanitè ak solisyon dirab. Koleksyon done yo fèt atravè obsèvasyon dirèk ak entèvyou gwoup ak enfòmatè kle nan nivo lokal.
12èm tou evalyasyon an te fèt soti 5 desanm 2025 rive 6 janvye 2026, e li te enplike 543 enimeratè ak 4 343 enfòmatè kle nan 1 160 lokalite. Ekip OIM ak DGPC yo te jwenn sipò nan men Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM), Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI) ak Inite Konstriksyon Lojman ak Bilding Piblik (UCLBP).
Rezilta prensipal yo endike yon ogmantasyon 39% nan kantite total moun ki deplase anndan peyi a nan nivo nasyonal depi fen 2024, ak gwo pik nan Sant, Gran Nò ak Latibonit, ki lye ak deteryorasyon sitiyasyon sekirite nan rejyon sa yo. 85% moun ki deplase yo ap viv deyò sit akomodasyon.

