Bank Repiblik Ayiti (BRH) te pibliye taux referans ofisyèl pou dola ameriken (USD) nan 18 avril 2026. Dapre BRH, sa a vle di 130,54 goud ayisyen (HTG) pou 1 dola. Taux sa a kalkile sou baz transaksyon ak achat deviz ki anrejistre nan machè chanJ nan Ayiti. Li se referans ofisyèl pou tout institisyon finansye, bank ak aktyè ekonomik nan peyi a.
BRH pibliye taux sa chak jou sou sit entènèt li ak lòt kanè ofisyèl. Mèkanis sa a ede standardize echanj deviz epi limite fliktwasyon sou machè lokal. Taux yo ki pibliye pa BRH se baz pou kontrak, pret ak transaksyon komèsyal ki genyen deviz etranje. Pou wè taux jounen an oswa achiv yo, aktyè ekonomik ka konsilte direkteman piblikasyon BRH. Sòs : Juno7 Ayiti.

