Depatman Deta ameriken an anonse, atravè pwogram Rewards for Justice (RFJ), yon rekonpans finansye ki ka rive jiska 3 milyon dola pou enfòmasyon ki ka ede demantèlman rezo finansye gwoup ame ayisyen "Viv Ansanm" ak "Gran Grif". Pwogram sa a ofri tou pwoteksyon pou moun k ap bay enfòmasyon yo, menm posiblite pou yo deplase al yon lòt kote.
Washington ofisyèlman deziyen "Viv Ansanm" ak "Gran Grif" kòm òganizasyon teworis etranje (FTO) ak teworis mondyal espesyalman deziyen (SDGT) an me 2025, akòz patisipasyon yo nan vyolans grav an Ayiti. "Viv Ansanm", ki te kreye an 2023, rasanble plizyè federasyon gwoup ame ki opere nan Pòtoprens epi yo akize yo pou atak sou enstitisyon piblik, kidnape, ekòtasyon, ak vyolasyon dwa moun.
Gwoup "Gran Grif", ki aktif nan Lagonav, konsidere kòm youn nan gwoup ame ki pi vyolan nan peyi a. Yo responsab atak sou Polis Nasyonal Ayiti epi yo te patisipe nan ensidan ki te fè yon ofisyeè Kenyan mouri an fevriye 2025.
Kounye a, pwogram RFJ ap chèche enfòmasyon sou kouran finansye gwoup sa yo, tankou kont labank ak konpayi ki pa genyen okenn aktivite reyèl. Tout byen gwoup sa yo genyen Ozetazini yo jele, epi sitwayen ameriken yo pa gen dwa fè okenn tranzaksyon avèk yo. Moun ki gen enfòmasyon yo envite pou yo kontakte pwogram nan pa mwayen chanèl ki an sekirite tankou Signal, WhatsApp, oubyen Telegram, ki garanti konfidansyalite enfòmasyon yo.

